Copie d'un message reçu :
--------------------------------------
) Du discours du Président René Préval (17 octobre 2007) dans
lequel il esquisse son point de vue sur la Constitution.
2) D'une entrevue de Mirlande Manigat qui commente son point de
vue sur la même question et sur d'autres de l'actualité politique.
3) Un rapport de la Commission Justice et paix qui expose les
résultats de la violence dans Port-au-Prince et la met en perspective
compte tenu des solutions envisagées.
De quoi lire et réfléchir. N'est-ce pas?
Bonne réception.
Adrien
------------------------------
Jistis ak Lapè Achidyosèz Pòtoprens
Sekretarya
Acheveche
Pòtoprens
Tel 515 4674
nan kolaborasyon ak
Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè
Commission Episcopale Nationale Justice et Paix
Secrétariat national
BP 1572
Port-au-Prince Haïti 6110
Tel / Fax 222 7899
www.forumcitoyen.org.ht/jilap
Vyolans nan lari zòn metwopolitèn nan
3 mwa :
Jiyè - out - sektanm 2007
Rapò 24
Pòtoprens, 18 oktòb 2007
Lèt tou louvri pou tout otorite ki konsènen yo:
Mèt René Magloire, Minis Lajistis
M. Mario Andrésol, Direktè Lapolis Nasyonal
M. Fritz Jean, Enspektè Jeneral Anchèf Lapolis Nasyonal
Mèt Claudy Gassant, Komisè Gouvènman nan Pòtoprens
M. Frantz Lerebours, Pòt pawòl Lapolis Nasyonal
M. Youri Latortue, Prezidan Komisyon Jistis ak Sekirite nan Sena
Repiblik la
M. Jean René Samson, Prezidan Komisyon Dwa Moun Sena
Kopi: M. René Garcia Préval, Prezidan
M. Jacques Edouard Alexis, Premye Minis
Mesye,
Otorite sivil ak polisyè,
Komisyon Jistis ak Lapè nan Achidyosèz Pòtoprens ansanm ak Sekretarya
Komisyon nasyonal la salye n ak anpil respè. Ak lèt tou louvri sila
a, Komisyon an prezante n yon lòt rapò sou vyolans ki fèt nan zòn
metwopolitèn nan, pandan 3 mwa : jiye pou rive sektanm 2007. Komisyon
an toujou chwazi yon kritè senp pou fè obsèvasyon sila a : se moun ki
mouri anba vyolans nan kapital la. Pou fè travay sa, nou konsilte
laprès, nou koute divès moun ki pote enfòmasyon ba nou, epitou nou fè
pwòp obsèvasyon pa nou. Ak tout sa, nou rekonèt limit rapò nou yo
genyen. Sa vle di : reyalite a depase sa ki ekri nan rapò sila a.
Nou fè travay sila a pou fè otorite yo ak tout sitwayen ak sitwayèn yo
pran konsyans reyalite vyolans ki genyen nan peyi a pi plis, paske se
li menm ki pi gwo lènmi byen viv ansanm nan sosyete nou an. Epitou,
chak moun ki mouri merite pou yo kenbe memwa li si posib. Diyite l
kòm moun mande sa.
Men ki jan sa te ye nan mwa ki sòt pase yo :
Mwa jiye : te genyen 14 viktim vyolans ; 4 moun mouri ak bal ; 10 nan
yon gwo aksidan machin.
Mwa out : te genyen 19 viktim ; 9 mouri ak bal ; 6 nan move tan.
Mwa sektanm : te genyen 10 viktim ; 6 nan yo mouri ak bal.
Men ki sa k atire atansyon n
Mwa jiye 2007
Viktim : Mwa out 2007
Viktim : 19 Mwa sektanm 2007 Viktim : 10
1. Sou idantite viktim yo :
Polis ak ajan sekirite ki viktim
2 polisye
Fanm ak timoun ki viktim 2 fanm / 3 timoun 3 fanm
Viktim yo pa konnen kilès yo ye 12 9 7
2. Sou lakòz lanmò yo :
Moun ki mouri ak bal
4
9
6
Moun ki mouri ak bal lapolis/ Ministah
1
1
Moun ki mouri nan afwontman ak polis / Ministah 2
Moun ki mouri ak bal bandi ki nan gang
1
Viktim afwontman ant gang 1 1
Moun ki mouri ak bal nèg ak zam yo pa rive idantifye
6
4
Moun ki touye tèt yo ak bal 2
Moun ki mouri ak zam blanch, wòch, fè, baton ak manchèt
1
2
Moun ki mouri nan aksidan ak move tan
10
6
3
Lot kòz ak sa yo pa konnen
3. Sou kèk katye :
Bèlè, zòn Dèlma 2 ak 4, Fò Nasyonal ak Solino
Lasalin, Site Solèy, wout Nasyonal # 1 ak zòn Site Militè
Zòn Kafou 1
Gran Ravin ak Matisan 1 3
Petyonvil, wout Frè 1
4. Sou kèk lòt sikonstans:
Moun ki mouri sou etikèt vòlò
3
1
2
Etikèt kidnapè
Kèk remak sou lit kont vyolans la
Yon kesyon tout moun poze tèt yo : èske ensekirite a grandi, oswa eske
l diminye ? Kesyon an genyen tout enpòtans li, paske li dwe sèvi pou
regle tout kalite bagay. Pou kèk moun, ensekirite mare ak plis
lapolis ni ak manda Minustah a ;
Pou lòt, ensekirite bay agiman nan deba sou ki kalite fòs sekirite
oswa lame peyi a bezwen ;
Pou lòt moun toujou, ensekirite bay eskiz pou pa envèsti nan peyi a ;
el.
Eske ensekirite kaba ? Yon kesyon pyèj
Lè n gade chif moun ki mouri ak bal sèlman, yon 19 konsa nan twa mwa,
ou ta di ensekirite a diminye, li prèt pou l kaba. Men nou pa dwe
bliye : kritè nou sèvi, se youn akote anpil lòt kritè ki genyen. Gen
lòt kalite vyolans Komisyon an pa kapab swiv, tankou kidnaping, vòl,
vyòl, agresyon, blese moun ak zam, el. Se diferan kritè yo ansanm ki
ta kapab di si ensekirite a tanmen kaba toutbon nan peyi a. Epitou,
sityasyon sa a dwe rete estab pandan yon bon bout tan.
Si genyen mwens moun ki mouri ak zam pandan kèk mwa, nou dwe di : se
bon rezilta travay PNH ak Minustah. Sa vle di tou : se rezilta yon
apwòch represif, ki nesesè, men ki pa kab sifi pou tabli lapè toutbon
nan kapital la ak nan peyi a.
Ak tout sa, batay kont kriminalite a manke fèt toujou. Gen kriminèl
ki mache libelibè san pyès moun pa enkyete yo. Tanzantan genyen
nouvèl ki rive vin jwenn nou sou kriminèl ak bandi ki jwenn liberasyon
apre yo te pote kòb bay jij yo. Sa fè n wè ki jan kriminalite,
enpinite ak koripsyon mache ansanm.
An menm tan, aktivite represyon nan katye popilè yo fè anpil moun
viktim ki pa genyen anyen awè ak kriminalite a. Se pa paske yon moun
jèn gason, li abiye yon jan, li gen très nan tèt li, epi l ap viv nan
yon katye popilè, ki fè li mele nan vyolans.
Nan kad sa a, Komisyon an te deja denonse pratik arimaj la tankou yon
pratik k ap vyole dwa moun. Pa sèlman moun yo arete yo, souvan rete
twòp tan nan gadavi san pa gen akizasyon dirèk, anpil fwa tou, lè yo
antre nan gran prizon an, se paske paran yo pa t gen kòb, oswa paske
yo pa t gen avoka pou defann yo. Yon fwa yo nan prizon, jij yo kapab
bliye yo fasil pou menm rezon sa yo. Poutèt sa, nou repete :
Komisyon an denonse mòd pratik sa a ki rele arimaj, pou jan l louvri
pòt pou anpil vyolasyon dwa moun k ap fèt.
Yon pozisyon fèm devan vyolans, banditis, kriminalite ak enpinite nan
sosyete a pa vle di pase lalwa ak dwa moun anba pye.
Vrè batay kont vyolans mande yon lòt bagay toujou.
Travay pou sekirite ak jistis sosyal
Ensekirite ak vyolans pa p jwenn solisyon si yo pa geri vyolans sosyal
la k ap detwi sosyete a chak jou pi plis gras ak jistis sosyal la.
Ki sa n rele jistis sosyal ? Anpil moun pran jistis sosyal tankou pi
bon pataj richès ak egalite nan mitan moun. Nou panse jistis sosyal
dwe ale pi lwen toujou. Jistis sosyal, se mòd jistis sila a kote yo
konsidere tout moun kòm moun tout bon nan sosyete a.
Men ki sa jistis sosyal la genyen ladan l :
· Tout kondisyon ranpli pou garanti sa k nan enterè tout moun nan
sosyete a ;
· Yo respekte dwa moun : tout dwa pou tout moun, san yo mete dwa
sosyal ak ekonomik yo sou kote ;
· Tout moun kapab patisipe nan lavi sosyete a : nan lavi politik ak
sosyal, tankou nan reyalite ekonomik yo ;
· Moun yo jwenn fòmasyon ki itil pou lavi yo, epi yo kapab travay pou
amelyore kondisyon lavi yo, pou konbat lamizè.
Leta genyen yon wòl enpòtan pou mete sou pye divès kondisyon sa yo ki
pèmèt yo reyalize jistis sosyal sila a. Men tout aktè sosyal yo dwe
mete men pou reyalize sa k anndan jistis sosyal la.
Egzanp : ki envestisman k ap fèt nan katye popilè yo pou louvri yon
avni reyèl pou jèn yo ? Ki kote envèstisman sektè prive a t apral fè,
lè l t ap mande sekirite pou yo te kapab envèsti nan peyi a ?
Jounen jodi a, genyen twòp lamizè ak moun ki sou kote, ki montre pa
gen sekirite ekonomik ; lajistis pa fonksyone kòm sa dwa, ki fè
sitwayen yo pa gen sekirite devan lajistis ; enstitisyon yo ki dwe
garanti sèvis ak prezans Leta pa solid, ki fè genyen ensekirite devan
enstitisyon yo. Yon Leta ki fèb konsa, pa kab bay garanti pou
denmen.
Nou mande otorite Leta yo ak tout moun ki genyen reskonsablite
politik, pou yo pi konsekan nan lit kont tout fòm ensekirite.
Pou fini, Komisyon Jistis ak Lapè yo ki nan zòn Pòtoprens salye yon
lòt fwa tout jefò k ap fèt pou kreye yon klima sekirite nan peyi a,
menm si yo timid toujou. Nou salye jefò Lapolis Nasyonal la ap fè nan
moman sa a. Nou salye sitou jefò ka p fèt anndan katye popilè yo,
jefò gran sosyete a pa konnen, men ki ede sosyete a fè yon pa
annavan. Men tout moun dwe konprann chimen an long toujou. Lit kont
koripsyon ak enpinite, kont eksklizyon ak mete moun sou kote, lit pou
lajistis ak verite blayi fenk kòmanse.
Pou Komite Direktè Jilap Achipo ak Jilap Nasyonal la.
18 oktòb 2007
Le texte créole est original
Messieurs les autorités civiles et policières,
La Commission Archidiocésaine Justice et Paix et le secrétariat de la
Commission nationale vous saluent respectueusement. Avec cette lettre
ouverte, Justice et Paix vous présente un nouveau rapport sur la
violence dans la zone métropolitaine durant 3 mois : juillet Ã
septembre 2007. Nous choisissons un critère simple pour mesurer la
violence: le nombre de victimes mortelles de violence à travers les
rues de la zone métropolitaine. Nous avons consulté la presse ; nous
avons rencontré des témoins ; nous avons fait nos propres
observations. Nous reconnaissons les limites de notre travail ; nous
savons que la réalité dépasse les données ici recueillies. Notre
objectif est de sensibiliser les autorités et tous les citoyens et
citoyennes sur la réalité du pays, parce que la violence constitue un
handicap majeur pour une convivialité pacifique entre les citoyens.
Ensuite, chaque victime mérite qu'on fasse mémoire de lui. Sa dignité
humaine le demande.
Voici nos constats :
Pour le mois de juillet : 14 victimes, dont 4 par balles ; 10 autres
sont mortes suite à un grand accident de voiture.
Pour le mois d'août : 20 victimes ; dont 9 par balles ; 6 victimes des
intempéries.
Pour le mois de septembre : 10 victimes ; dont 6 par balles.
Voici les détails
Juillet 2007
Victimes : 14 Août 2007
Victimes : 20 Septembre 2007
Victimes : 10
1. Sur l'identité des victimes :
Policiers et agents de sécurité
2 policiers
Femmes et enfants 2 femmes / 3 enfants 3 femmes
Victimes non identifiées 12 9 7
2. Sur la cause de mort
Morts par balle
4
9
6
Morts par balle de la police / Minustah
1
1
Morts dans affrontement gang avec police / Minustah
2
Morts par balle par de gangs
1
Morts lors d'affrontement entre gangs 1 1
Morts par balle d'inconnus
6
4
Morts par suicide 2
Morts par arme blanche, couteau, roches, bâton
1
2
Morts accidentelles
10
6
3
Autres causes
3. Concernant certains quartiers
Bel Air, Delmas 2 et 4, Fort National, Solino
La Saline, Cité Soleil, Cité militaire
Zone de Carrefour 1
Zone Martissant et de Grande Ravine 1 3
Route de Delmas et Pétion- ville 1
4. Autres circonstances
Morts pour accusation de vol
3
1
2
Accusation kidnappeur
Quelques remarques sur la violence
Une question qui préoccupe de nombreux citoyens et citoyennes est la
suivante : est-ce que l'insécurité diminue ? ou bien est-ce qu'elle se
renforce ? La question a toute son importance ; elle sert même pour
nourrir des agendas cachés :
La question est fonction de la dimension de la PNH et du mandat de la
Minustah ;
La question doit servir d'argument dans le débat sur l'Armée ou la
Force publique de sécurité que le pays a besoin ;
La question et sa réponse doivent servir d'excuse pour ne pas investir
dans le pays ; etc.
Où en est-on avec l'insécurité ? Une question piège
Les chiffres de mort violente par balles faisaient croire que
l'insécurité diminue. Pour ce qui concerne ce critère, voici nos
constats :
Au mois de juillet : 4 morts par balles.
Au mois d'août : 9 morts par balles ; mais également 1 mort par arme
blanche.
Au mois de septembre : 6 morts par balles ; 2 morts par arme blanche.
D'autres personnes sont victimes de violence, même si ce n'est pas la
violence des armes ; ainsi il y a les accidents et même les victimes
de l'environnement suite à la négligence humaine.
Mais le critère de la mort violente n'est le seul critère pour
analyser l'insécurité. Il y a les autres formes de violence : comme
le kidnapping, le viol, le vol, les agressions, les blessés par
balles, etc. Seul une synthèse des différents critères permet de voir
l'état réel de la violence.
Si le nombre de morts par balles a diminué, il faut reconnaître le
travail positif de la PNH et de la Minustah. Leur approche est
répressive, elle est nécessaire, mais elle ne peut suffire pour
établir un climat de paix durable dans le pays.
Avec tout cela, la lutte contre la criminalité manque toujours. A
plusieurs reprises des nouvelles nous parviennent sur des criminels et
bandits relâchés par les juges suite au paiement de rançon. Ceci
démontre le mariage entre insécurité, corruption et impunité.
En même temps, l'activité répressive dans les quartiers populaires
fait des victimes qui n'ont pas de lien avec la criminalité. Ce n'est
pas parce qu'on est jeune garçon, qu'on s'habille d'une certaine
facon, qu'on a les cheveux tressés, qu'on habite un quartier
populaire, qu'il faudrait etre nécessairement lié à la violence.
Dans une position précédente, la Commission a dénoncé les arrimages
comme une pratique qui est source de violations des droits humains.
Non seulement les personnes arrêtées sont retenues aux gardes à vue
sans accusation précise, mais parfois on les envoie au pénitencier
parce qu'on n'est pas venu offrir de l'argent ou parce qu'il n'y avait
pas d'avocat. Une fois en prison le juge peut bien les oublier pour
ces mêmes raisons. Pour ces raisons :
La Commission dénonce cette pratique appelée « arrimage » (arrestation
de masse), et qui est source de violations des droits des personnes.
Une position ferme devant la violence, le banditisme, la criminalité
et l'impunité dans la société ne devrait pas servir de prétexte pour
passer outre la loi et le respect des droits humains.
La lutte contre la violence a d'autres exigences.
Réaliser la sécurité et la justice sociale
L'insécurité et la violence ne trouveront pas de solution durable si
on n'attaque pas la question de la violence sociale qui détruit la
société chaque jour davantage.
Justice sociale, de quoi parlons-nous ? Pour de nombreuses personnes,
la justice sociale se limiterait à une meilleure répartition des biens
dont dispose le pays et plus d'égalité entre les citoyens et
citoyennes. D'après nous, la justice sociale a d'autres exigences
toujours. La justice sociale est cette forme de justice qui considère
chaque personne comme personne humaine à part entière. Voici ses
exigences :
· Toutes les conditions sont réunies pour réaliser le bien commun de
tous et de toutes;
· Tous les droits de chaque personne sont respectés, sans oublier les
droits sociaux et économiques ;
· Tous et toutes peuvent donner leur participation à la vie sociale, Ã
la vie politique et économique ;
· Les citoyens et citoyennes bénéficient de formation et d'éducation ;
ils trouvent du travail pour améliorer leurs conditions de vie et pour
combattre la misère.
L'Etat a une grande responsabilité dans la réalisation de ces
conditions qui sont à la base de la justice sociale ; mais tous les
acteurs sociaux ont leur contribution à porter pour sa réalisation.
Exemple, quand ont considère les investissements à faire dans les
quartiers populaires pour transformer le désespoir des jeunes en
avenir : A quand les investissements du secteur privé, qui demandait
sécurité pour être en mesure de créer du travail ?
Les Commissions Justice et Paix de la zone de Port-au-Prince saluent
encore une fois les efforts entrepris pour créer un climat de sécurité
dans le pays, même si c'est avec beaucoup de hésitations. Nous
saluons les efforts de la Police Nationale. Nous saluons les efforts
entrepris dans les quartiers populaires, des efforts souvent méconnus
par la grande société, mais qui permettent au pays de faire un pas.
Le chemin est encore long. La lutte contre la corruption et
l'impunité, pour la justice et la vérité vient de commencer.
Pour le Comité Directeur de la Commission archidiocésaine et de la
Commission nationale.
Djimpps Gilles
Sekretè Egzekitif Achipo Pòtoprens
P. Jan Hanssens
Direktè nasyonal
Port-au-Prince, 18 octobre 2007
Tablo vyolans sou zòn metwopolitèn nan
Pou mwa jiyè 2007
Jou, dat, ki lè Enfòmasyon sou viktim yo Ki Kote, ki zòn, katye
Esplikasyon nou ranmase sou viktim nan, nan moman evènman an te
pase.
Jedi 5 jiyè 2007,
1 : 00 PM Yon jèn gason Pòtoprens,
Gran ri, bò mache Fè Brigad ki t ap kontwole mache a, tire l ak bal,
sou etikèt vòlò.
Jedi 5 jiyè 2007,
2 : 00 PM 2 jèn gason Pòtoprens, zòn bò
simityè. Yo mouri ak bal nan echanj kout zam ak lapolis, lè yo te
fin vòlò yon machin. Machin lapolis t ap swiv yo, lè bandi yo te
tire, lapolis te reponn.
Jedi 12 jiyè 2007,
9 : 00 PM Yon jèn gason, moun katye a Pòtoprens, Matisan, zòn Ti Bwa.
Li mouri ak bal, nan afwontmam ant 2 gwoup gang nan zòn nan.
Mèkredi 18 jiyè, 8 : 00 PM
10 moun: pami yo, Theodore Jean
Luckner.
(Yo pa konn non lòt yo) Pòtoprens, Kazo , bò fakilte Damyen Nan moman
moun sa yo t ap tann machin pou desann lavil, yon bis koulè jòn ki
pote nimewo IY 3030, pase pran yo sou yon totwa kote yo te kanpe.
Menm bis la, pase rabwote yon machin modèl Kiya, ki pote nimewo plak
EX 8669.
Total 14 viktim
Tablo vyolans sou zòn metwopolitèn nan
Pou mwa out 2007
Jou, dat ak ki lè Enfòmasyon sou viktim yo Ki kote, ki zòn, atye
Esplikasyon nou ranmase sou viktim nan, nan moman evènman an te
pase.
Mèkredi 8 out 2007,
6 : 10 PM 4 viktim Kafou, zòn Rivyè Fwad Moun sa yo mouri nan move
tan ki te genyen, lè yon gwo lapli te fin tonbe.
Jedi 9 out 2007, 9 : 00 AM Yon tifi, 9 lane Dèlma, Dèlma 2, blòk
Ame Disali Li mouri nan aksidan, nan moman li t ap janbe lari a. Yon
machin frape l, li mouri lapoula.
Vandredi 10 out 2007
12 : 10 PM. Yon jèn gason Pòtoprens, Matisan 4yèm Avni Bòlòs Li
mouri ak kout baton nan men popilasyon ki nan zòn nan, sou etikèt
vòlò bous machann k ap van nan zòn nan.
Vandredi 10 out 2007,
2 : 00 PM. Roody Kernizan, yon chèf bandi Pòtoprens, Matisan, zòn
Dekayèt Li touye tèt li ak bal, nan moman entèvansyon lapolis ak
Minista te sèke zòn nan. Yo te konnen viktim nan tankou chèf Lame Ti
Manchèt.
Dimanch 12 out 2007, nan aswè pou louvri lendi 13 la. Fequière
Espadi, yon polisye sikilasyon Pòtoprens, ri Ozval Diran, toupre
Fakilte medsin Li mouri ak bal nan yon anbiskad yo te tannn pou li.
Viktim nan te resevwa yon apel telefòn, lè l deplase, yo tire l.
Viktim nan te sòti nan 18yèm pwomosyon polis la.
Lendi 13 out 2007 nan laprèmidi.
Marcelito Prevaus, yon timoun Site Solèy , katye Douya Nan moman li
t ap jwe arebò lari a ak yon ti boul, ti boul la eklate sou li. Lè
paran viktim nan rele lapolis ak Ministah, yo vin wè se yon grenad li
touye l.
Vandredi 17 out 2007,
8 : 00 PM Roland Jean
Marry. Pòtoprens, ri di Sant
Li mouri ak 2 bal, nan moman 3 bandi ak zam te antre anndan yon
magazen pou dechèpye magazen an. Viktim nan se yon anplwaye magazen
sila a.
Samdi 18 out 2007, nan maten. Yon jèn gason Kafou, Fontamara 27,
bò plas la. Dapre kèk temwayaj, li mouri ak bal nan moman li t ap soti
nan yon pwogram. Viktim nan te sou yon motosiklèt.
Dimanch 19 out 2007, nan maten
Yon timoun, non li pa idantifye. Dèlma, wout Dèlma Dapre kèk
temwayaj, se moun lakay li ki jete l nan ravin nan apre li te fin
mouri.
Madi 21 out 2007, nan apre midi. Frantz Saint Fleur alyas Johnny, yon
polisye APENA. Pòtoprens, ri Disant, nan yon koridò, bò Penitansye
nasyonal Li mouri nan yon kondisyon ki pa fin twò klè. Paran viktim
nan p at ka bay okenn esplikasyon sou sikonstans sa a.
Madi 21 out 2007, nan lajounen Yon enjenyè Pòtoprens, Katye Babyòl Li
mouri ak bal, nan moman li t ap soti pran yon kòb labank. Te gen 2
nèg ki t ap swiv li lè l t ap pran taksi. Yo brake zam sou li e youn
nan yo tire l.
Jedi 23 out 2007, nan lajounen Yon fanm nan katye a Pòtoprens, Kafou
Fèy Li te konn malad. Yo t ap akize l pou lougawou. Yon vwazinay
tire l, apre sa, yo boule l.
Jedi 23 out 2007, nan lajounen. Yon moun Pòtoprens, Bon Repo, enpas
Lamitye # 1. Li mouri nan yon aksidan, nan moman yon bis te fè
kolizyon ak yon remokè.
Vandredi 24 out 2007, nan maten. Yon kadav Dèlma, Delma 66 toupre
radyo Ayiti
Entè. Moun k ap pase wè kadav la, men yo p at ka idantifye ki moun li
ye. Kadav la te matirize, koupe an plizyè moso.
Samdi 25 out 2007,
5 : 00 PM Georges, yon mekanisyen. Pòtoprens, Matisan, ri
Aplastik, zòn katriyèm Avni Bòlòs Twa bandi ak zam anndan yon
kamyonèt, yo egzije ak zam yo pou pran chèn ak telefòn viktim nan.
Viktim p at vle yo tire l ak yon bal bò kè.
Madi 28 out
2007,
6 : 30 PM. Pierre Coicou,
48 lane. Pòtoprens, Bandi yo pa rive idantifye touye l anndan
lakou kay li ak bal.
Total 19 viktim
Tablo vyolans sou zòn metwopolitèn nan
Pou mwa sektanm 2007
Jou ak dat ak lè Enfòmasyon sou viktim yo Ki Kote, zòn, Katye
Esplikasyon nou ranmase sou viktim nan, nan moman aksyon an te pase.
Samdi 1 sektanm 2007, nan maten 2 jèn gason Dèlma, Dèlma 33, zòn
Silo Yo te pran pretèks tankou moun k ap preche ak bib nan men yo.
Yo vòlò lajan yon mesye ki t ap vann dlo. Lè yo chape mesye a te gen
tan rele anmwe, popilasyon an lapide yo ak kout wòch.
Jedi 6 sektanm 2007, nan awè Yon jèn gason, 18 lane Petyonvil, zòn
plas Bwaye Li te tonbe anndan yon twou egou, apre yon gwo lapli te
fin tonbe. Yo vin jwenn li mouri bò yon boulanje nan zòn nan.
Samdi 8 sektanm 2007, nan aswè Oriol Gorguette ak
madam li, Gustie André. Pòtoprens, Delma 75. Pandan yo t ap rantre
lakay yo, bandi yo pa idantifye touye yo ak bal.
Lendi 10 sektanm 2007, nan lajounen. 2 fanm Pòtoprens, pis aviyasyon.
Se pandan yo t ap janbe lari yon machin frape yo e yo mouri lapoula.
Mekredi 12 sektanm 2007,
5 :00 PM Yon gason nan katye a Pòtoprens, nan Delwi, Fontamara 27. Se
pwoblem ki genyen ant nèg Tibwa ak nèg Delwi pou kontwòl zòn yo.
Viktim nan mouri anba bal.
Vandredi 14
Sektanm 2007, 7 :00 PM Yon gason zòn nan Kafou,
Waney 87 Yon moun rele l nan telefòn pou l al rankontre l. Nan soti,
bandi yo idantifye tire l nan figi l.
Madi 18 sektanm 2007, 9 :00 PM Yon pasté ki nan legliz Mapou
Pòtoprens,
Zòn Mapou,
Fontamara 29 Nan moman bandi ap tante kidnape l, yo tire l ak plizyé
bal. Lapolis arete yo.
Madi 18 sektanm 2007, nan aswè. David Guitho, yon nèg afè. Dèlma,
Delma 75, Piblen. Nan moman l ap rantre lakay li, bandi yo pa rive
idantifye ba li plizyè bal.
Total 10 viktim